Konnen plis
Yon mouvman sitwayen ki rasanble enfliyansè ak kreyatè kontni ki mete vwa yo ansanm pou mobilize Ayisyen atravè peyi a dèyè misyon pou aprann plis moun li ak ekri.
Nou mete pouvwa kominikasyon dijital la nan sèvis yon gwo misyon nasyonal : mobilize mwayen pou redui analfabetis epi elaji aksè ak edikasyon an Ayiti.
Nan kilti nou, yon konbit se lè travay la twò lou pou yon sèl moun, epi tout vwazinay pote men fòt. Analfabetis se yon chay ki mande pou n kole zepòl.
Nou rann li fasil pou tout moun ka patisipe:
- Chak Enfliyansè se yon Anbasadè: Sou platfòm nan, chak enfliyansè gen foto pa l ki reprezante yon “Package fòmasyon nimerik”.
- Sipòte yon Vwa: Lè yon moun pase pa enfliyansè li an pou l achte yon package, li gen aksè suiv fòmasyon an sou platfòm lan.




