Konnen plis

Yon mouvman kote enfliyansè ak kreyatè kontni ap itilize enfliyans yo pou mobilize Ayisyen  epi finanse alfabetizasyon atravè lavant yon package fòmasyon.

Se yon gwo mobilizasyon kote tout vwa ki gen fòs mete tèt yo ansanm pou yon sèl misyon: rasanble mwayen pou n konbat analfabetis nan peyi Dayiti.

Nan kilti nou, yon konbit se lè travay la twò lou pou yon sèl moun, epi tout vwazinay pote men fòt. Analfabetis se yon chay ki mande moun kole zepòl. Nou envite tout enfliyansè yo vin sèvi kòm “Poteriyo” pou yo ka ede nou rasanble lajan ki nesesè pou n finanse pwogram alfabetizasyon

Nou rann li fasil pou tout moun ka bay kout men pa yo:

  • Chak Enfliyansè se yon Anbasadè: Sou platfòm nan, chak enfliyansè gen foto pa l ki reprezante yon “Package fòmasyon nimerik”.
  • Sipòte yon Vwa: Lè yon moun achte yon package nan men enfliyansè li pi renmen an, li resevwa yon fòmasyon dijital kap itil li.
  • Objektif 500 000: Nou gen yon sib kolektif pou n vann 500 000 package. Tout benefis yo pral sèvi kòm mwayen pou n al lakay moun yo pou n aprann yo li ak ekri.
Enfliyansè
Klasman
Panye
Konnen plis